FANMI AK KOMINOTE . . . NOU BEZWEN SIPÒ-OU!

Faktè #1 ki pèmèt-nou predi siksè yon timoun lekòl se patisipasyon fanmi-li. Lekòl piblik kapab bezwen sipò-ou diran anne eskolè-a menmsi se pou yon sèl jou. Opòtinite pou fè volontarya disponnib chak jou, chak semenn, chak mwa, chak trimès, chak sezon, de fwa chak anne ak chak anne.

Tanpri reponn keksyon-sa-yo pou ede-nou detèminen jan pou nou ankouraje patisipasyon fanmi nan lekòl piblik zòn-ou. (Tanpri reponn keksyon sèlman nan yon sèl keksyonnè fanmi/kominote.)


Èske ou gen yon timoun oswa plizyè timoun ki anwole kounye-a nan lekòl piblik ak/oswa prive Broward County?
Tanpri fè yon seleksyon.
     Si ou reponn wi, tanpri endike lekòl li frekante oswa yo frekante:
Èske ou deja yon volontè nan lekòl piblik Broward County?
Tanpri fè yon seleksyon.
     Si ou reponn wi, ki sa ou fè, ki travay ou fè kòm volontè?
     Konbyen fwa?
Èske direktè lekòl pitit-ou sipòte patisipasyon fanmi oswa patisipasyon kominote-a?
Tanpri fè yon seleksyon.
Si ou poko yon volontè nan lekòl piblik Broward County, fè nou konnen sa ki anpeche-ou patisipe nan aktivite konsa na ka detèminen jan na kapab fè sa pi fasil pou ou patisipe. (Tcheke tout sa ki aplikab.)
Mwen pa okouran opòtinite disponnib pou volontè

Mwen pa gen transpòtasyon.

Mwen gen timoun nan diferan lekòl ak orè ki pa menm.

M pa jwenn moun ki pou gade pitit-mwen/oswa mwen se yon papa/manman ki anchaj fanmi-m.

Lè travay mwen ak lè aktivite kontrè.

Pitit-mwen-yo gran epi yo pa bezwen patisipasyon-mwen.

Mwen pa gen ase enstriksyon sa ban-mwen enkyetid poutètsa mwen pa ka pote apò-mwen.

Mwen pa resevwa enfòmasyon sou reyinyon ak aktivite lekòl-la ak opòtinite pou fè volontarya.
Mwen pa gen aksè nan teknoloji oswa mwen pa kapab itilize teknoloji (konpitè, selilè).

Pwofesè ak pèsonnèl lekòl-la pa ankouraje patisipasyon fanmi.

Lekòl-la pa fè swivi.

Mwen gen difikilte pale angle/difikilte kominike nan lang angle.

Mwen pa kwè opinyon-mwen ak sijesyon-mwen apresye oswa sa ka fè yon diferans.

Mwen pa enterese.

Mwen pa satisfè jan lekòl piblik fonksyonnen.

Lòt anpechman (esplike):

Si ou ta ka jwenn yon fason pou rezoud pwoblèm enkyetid ak pwoblèm orè, èske sa ta enterese-ou vin yon
volontè?
     Si ou reponn wi, tanpri endike kote ou pito:

Ban-nou sijesyon kouman nou ka ankouraje plis moun patisipe nan aktivite lekòl piblik Broward County.
Kijan ou ta renmen resevwa kominikasyon lekòl-la, lekòl-yo? lòt mwayen kominikasyon:
Reponn keksyon-sa-yo ki nan ankèt-la konsa na va detèminen ki moun nou dwe kontakte epi kote nou bezwen amelyore.

Sèks:
Tanpri fè yon seleksyon.

Tanpri fè yon seleksyon.
Èske ou gen timoun ki gen dizwitan (18an) oswa pi jèn?
Tanpri fè yon seleksyon.
Antre (tape) ki premye lang ou pale.
Antre (tape) vil kote ou rete.
Nou apresye patisipasyon-ou.